KRITIK MIZIKAL LA MANDE PLIS PASE SA

KRITIK MIZIKAL LA MANDE PLIS PASE SA

Youn nan difikilte kritik mizikal yo genyen, se jwenn yon fòmil pou yo eksplike teknikman yon mizik san yo pa itilize langaj abstrè nan lide pou yo pèmèt mizik la sedui plis moun oubyen pou plis moun deteste li. (Ki pa souvan ni youn ni lòt)

Li plis favorab si piblik la pataje menm konesans ak yo. Lè sa a yo kapab eseye kreye dimansyon jwisif kritik èv la piske langaj y ap pale yo, enfòmasyon ak teknik y ap eksplike yo deja fè pati vokab oubyen konsèp metye yo.

Sa vle di kisa ? ki santiman jwisif, nan lide Franswa Donmpyè, yon kritik atizay kapab sisite lakay yon moun ki pa pwofesyonèl sou yon mizik, pandan l ap di l konpozisyon sa a se yon anchènman senk-en anndan yon tonalite sol minè oubyen s on retounay mach amonik oubyen tou se yon aliterasyon segon degre anndan yon pasaj patikilye.

Pou pi senp lakay nou, sitou nan Konpa dirèk, pou l ta di l s on mizik ki konstrui an mòd minè oubyen majè, ki chita sou twa oubyen kat akò, yon mizik ak de oubyen 4 tan, yon batman tanbou 5-8 (bidipidibim….pidipidipidibim) oubyen Kadans Ranpa g on batman triple pou yon mezi 4 tan (bidipidibim…pimpip, bidipidibim…pimpipit). Se t ap tan pèdi. Paske se pa pawòl sa yo ki fè yon kontanplatè jwi yon konpozisyon mizikal. Yon kritik kapab toujou fè l pou l montre l save nan yon lojik fanfanronnay men l ap gen plis sans se lè li bay eksplikasyon sa yo devan yon piblik avize oubyen selektif.

Yon nan lòt pwoblèm ankò, anpil moun k ap abòde mizik pran nan pyej kote yo konfonn idantifikasyon enstriman ak kritik. Poutan se jis yon premye etap nan apwoche yon èv mizikal. Se menm jan yon kritik k ap pale sou yon tablo, li idantifye koulè yo, liy yo, fòm yo apresa li pral lye yo ansanm pou l kreye sans oubyen degaje sans èv la.

Otremandi, di s on gita k ap solo, s on pyano, s on saks, s on tanbou, pa kritik pou sa. Di se tel akò, se tel mod, se tel tempo, se tèl rit oubyen estil, pa kritik pou sa toujou. Moun sila jis nan idantifikasyon enstrimantal ak propriyete sibstansyèl mizik la. Men sa pa pi grav pase sa…

San bliye yon pakèt moun ki jis ap itilize memwa mizikal yo genyen pou fè l pase pou kritik poutan se kapasite refleksyon yo sou yon mizik pou yo ta chache devlope. Sitou kritik mizikal pa redui ak yon senp teknisite. Sinon, tout mizisyen t ap kritik atizay paske yo ka idantifye sa yo fè yo. Menm si nan yon demach kreyasyon, atis la se premye kontanplatè travay li, sa vin fè l yon kritik o premye degre. Men se pa sa n ap pale…

Yon lòt fason ankò, si kritik la gen difikilte pou l itilize langaj abstrè jan n sot di l pi wo a, li ta dwe anmezi pou l eksplike ki sans akò sa a, aranjman sa a genyen pou mizik la. Paske nou mèt tande tout bagay, si kritik la pa eseye sezi dimansyon sans mizikal la nan yon maryaj pawòl ak son, pwopriyete relasyonèl yo, se lave men siye atè.

Si l vle abòde pawòl mizik la, se menm bagay, idantifye vèsifikasyon, figi retorik, imaj poko anyen si moun sila pa kreye sans ak yo. Lye yo, chache konnen poukisa, kisa teknik ekriti sa a pèmèt li panse, ki sa l kapab degaje kòm diskou ak sistèm estetik.

Olye n itilize langaj abstrè, pale ak piblik la ak tèm ki pi klè yo, tankou dimansyon nayivte enspirasyon an, tretman ekriti a, repetisyon oubyen tèm familye yo, melodi a ki fasil pou kapte, atifis konpozitè a itilize ki kapab kreye plezi, fè moun danse, elatriye. Paske nan ka mizik Ayisyen an, sitou pou Konpa pa gen pyès kritè apresyatif ki elabore ni lakay mizisyen yo ni lakay swadizan kritik yo…

Orso Antonio Dorélus

vedette

vedette

Vedette Mag est une affaire de stars. C’est un magazine en ligne qui se spécialise dans la production des contenus (multimédia) ayant rapport à la culture, au divertissement et au sport en Haïti et ailleurs.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *