14èm albòm pou 33 zan : Bravo pou Zenglen !

14èm albòm pou 33 zan : Bravo pou Zenglen !

Apre albòm « No Dead End » ki te soti nan mwa Avril 2018, Zenglen fè melomàn yo kado yon lòt bijou. Fwa sa a, se yon boul lò 14 kara ekip sa ki gen alatèt li Jean Brutus Dérissaint ofri tout moun ki renmen bon mizik. Albòm nan rele « Bravo Victorious », li soti 30 Mas 2022 a.

Nan tandans kounya a, djaz yo prèske pa mete albòm yo bouyi sou 3 wòch dife « intro / interlude / outro » ankò. Anfèt, albòm Bravo Victorious la pa gen « intro / interlude / outro ». Okontrè, 1ye mizik albòm nan gen yon karaktè espesyal : li rele Nicolena. Se yon omaj byen merite Zenglen rann saksofonis li an ki se Nicolena Ferrentino ki gen plis pase 20 lanne nan djaz sa a ki se yon patrimwàn pou Konpa a.

Sou mizik « Jwe Kwen » ak « Des Je T’aime » ki twouve yo nan 3èm ak 9èm plas sou albòm sa, nou jwenn Tamara Suffren ki fè premye kolaborasyon l ak Zenglen. « Jwe Kwen » se yon mizik ki pale de sitiyasyon 2 moun ki deja marye, donk yo chak gen fwaye pa yo, men yo damou yonn lòt. Puiske yo pa ka gen yon relasyon ofisyèl a yo 2 a, yo deside jwe kwen pito. Se yon mizik Tamara byen chante avèk Emmynix ki se chantè djaz la ; e nan konpozisyon mizik sa nou jwenn Mackendy Salnave (Maykimac). Maykimac travay tou sou mizik « Des Je T’aime » nan kote Tamara Suffren chante poukont li. Se yon pwezi mizik ki se kout plim Jhonny Célicourt (djecee). Nou jwenn Maykimac tou sou 10èm mizik la ki rele « Mèt Afè » ak 11èm nan : « Pale Byen (Que Se Yo Que Se Cuan) ».

4èm mizik sou albòm sa se yon lòt konpozisyon mizik wo nivo. Li rele « Painting of a woman (Yon Tablo)». Se yon tèks ki pran imaj yon atis pent ki pran plezi pou desinen yon fanm nan tout pèfeksyon l. Se yon lòt konpozisyon mizik ki koule byen nan zòrèy melomàn yo grasa tout sa k nan kò mizik la. Se yon mizik ki gen anprent Jean Hérard Richard (Richie) ladan. Se premye kolaborasyon [ofisyèl] ansyen batè, otè-konpozitè Zenglen an depi lè l kite djaz sa a an 2011.

Nan albòm sa nou jwenn yon kolaborasyon enteresan avèk Wilky Saint Hilaire (Kikko Lyrixx). Li travay sou 6èm mizik la ki se « Bernard » ak 13èm nan ki se « M Renmen Madanm Ou ». Mizik « Bernard » dekri reyalite anpil moun ki chanje non moun yo gen relasyon sou kote avè yo nan kontak yo. Yon mari rive wè moun ki rele Bernadine sou telefòn madanm li an se te yon fo non. E se Bernard moun nan rele an reyalite.

Zenglen pa neglije abitid li genyen pou mete « cover » sou albòm li. Fwa sa se « Quand Tu M’aimes » Zenglen repran ki an 7èm pozisyon sou albòm nan. Vèsyon orijinal mizik sa te soti an 1987 e se pou Herbert Léonard, yon chantè fransè. Sou albòm Bravo Victorious la nou jwenn tou « Ou Fè M Wont (Lanmou Bò Katedral) » an 2èm pozisyon ; « Mete w Nan Plas Mwen » nan 5èm plas la ; « Anyen Pa Rèd » nan 8èm plas la ; « Nou Tout Bèl » ki te anonse albòm nan ki an 12èm pozisyon ak « Kòman Nou Ye » ki te soti depi an 2020 e ki se 14èm mizik sou albòm sa a.

14èm albòm sa a rich ak melodi melanje ak yon latriye konpozisyon / aranjman solid ki pwouve ankò Zenglen se vrèman yon « Life Time Guarantee ». Granmoun toujou di : « Mache sou 13 pou w pa pile 14 ! ». Se yon pawòl sajès. Men, apre albòm « No Dead End » lan ki te 13èm albòm djaz la, melomàn avèti yo te tèlman jwenn plezi mizik, Zenglen deside non sèlman pou l te mache sou 13, men yo fenk pile 14 albòm  la. Se yon viktwa. Bravo pou yo !

 

Abdiel Bader

vedette

vedette

Vedette Mag est une affaire de stars. C’est un magazine en ligne qui se spécialise dans la production des contenus (multimédia) ayant rapport à la culture, au divertissement et au sport en Haïti et ailleurs.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *