Selebrasyon Lang ak Kilti Kreyòl: “Centre Culturel Municipal Emmanuel Charlemagne” lanse Festi Kreyòl Ayisyen

Selebrasyon Lang ak Kilti Kreyòl: “Centre Culturel Municipal Emmanuel Charlemagne” lanse Festi Kreyòl Ayisyen

 

“Centre Culturel Municipal Emmanuel Charlemagne” ki chita kò l nan tò 12, komin Kafou, lanse, soti 21 pou bout 28 oktòb 2021, Festi Kreyòl Ayisyen anba tèm :” Kreyòl pale kreyòl konprann”. Garnel innocent, ekriven, powèt, komedyen ak pwofesè se envite k ap alonè nan kad festival sila a.

Depi kèk lane, se nan mwa oktòb anpil aktivite ki gen pou wè ak Lang ak Kilti kreyòl selebre. Se nan sans sa, “Centre Culturel Municipal Emmanuel Charlemagne” lanse Festi Kreyòl Ayisyen soti 21 pou rive 28 oktòb.”Festi Kreyòl Ayisyen se yon inisyativ “Centre Culturel Municipal Emmanuel Charlemagne” pran nan kad selebrasyon Lang ak Kilti kreyòl la nan peyi a”, ekri animatè kiltirèl espas la, Gabynho Leblanc nan yon dokiman.” Festival la reyalize nan sousi pou valorize, fè pwomosyon ak rann aksesib yon seri zèv atistik, atizanal epi literè ki mete lang ak kilti kreyòl an valè”, rabousib dokiman an.

Festival la, pi lwen, vize yon pakèt objektif. ” Kreye yon espas echanj sou lang ak kilti kreyòl ayisyen an nan kominote a; Ankouraje kominote a nan li ak ekri an kreyòl; Fè medyasyon ant liv, otè ki ekri an kreyòl ak kominote a ; Inisye kèk manm kominote a nan domèn teyat, enstriman mizik tradisyonèl (tanbou) ak kreyasyon literè”.

Daprè lafèy la, ap gen plizyè jounen pwogramasyon.” 21 oktòb ap gen ekspozisyon nan 9è nan maten pou bout 5è nan apremidi ; 22 oktòb ap gen atelye teyat a 4è entèvenan an se ap Garnel Innocent ; 23 oktòb se ap jounen jwèt tradisyonèl k ap kòmanse nan lè 9è nan maten pou rive 5è nan apremidi; 25 oktòb se ap atelye tanbou k ap kòmanse nan lè 4è apremidi epi moun k ap entèvni an se ap Oktavyo Petefetay; 26 oktòb 2021 ap gen espektak epi pami entèvenan yo ap gen : Garnel Innocent, Destin Jean Claudy, Stevleau ; 27 oktòb 2021 se ap atelye ekriti ( Nouvèl ) k ap kòmanse nan lè 4è, Gabynho se non otè k ap entèvni an ; 28 oktòb 2021 ap gen tab wonn apati 4è”.

Garnel Innocent, envite k ap alonè nan festival la, wè jou 10 fevriye 1973 nan Pòtoprens. Direktè epi fondatè “Institution Mixte Pouchinit”, Garnel Innocent se tou komedyen. ” Li fè anpil ale vini nan mond lan ak Franckétienne. Li pibliye plizyè liv tankou Leksife Léa kokoye ak lòt lodyans ( Lodyans Maurice Sixto yo). Ekriven an gen plizyè lòt liv nan kouti”.

Jackson J. Rinvil

Jackson J. Rinvil

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *