Limyè sou Lyonel Trouillot, envite donè 3èm edisyon Festival Entènasyonal Literati Kreyòl

Limyè sou Lyonel Trouillot, envite donè 3èm edisyon Festival Entènasyonal Literati Kreyòl

 

Twazyèm edisyon Festival Entènasyonal Literati Kreyòl ap fèt ane sa soti premye pou bout bout 5 desanm 2021. Evenman sila a, k ap valorize ak fè pwomosyon pou lang kreyòl, ap dewoule anba tèm : “Literati nan konstriksyon moun”. Apre Manno Ejèn, Raphael Confiant, se tou pa Lyonel Trouillot pou envite lonè. Yon ti limyè sou ekriven wòdpòte sa.

Lyonel Trouillot se yon ekriven enpòtan nan literati ayisyen an. Li se womansye, nouvelis, powèt, jounalis. Li se otè plis pase trant liv ki ekri nan lang franse ak kreyòl. Yon ekip travay ki jwenn sous yo nan lavi kotidyen pèp ayisyen an. Richès zèv Lyonel Trouillot, ekriven wòdpòte fè yo klase l nan mitan gwo otè frankofòn yo.

Lyonel Trouillot fèt yon 31 desanm 1956 nan Pòtoptens. Li pase adolesans li nan peyi Etazini. Apre l te tounen kote kòd lonbrik li mare a pou l te ka angaje l nan batay kont diktati Divalye yo. Apre yon etid nan Dwa, lanmou l pou literati te trennen l nan yon karyè ekriven. Yon pasyon ki te boujounen gras ak kontak li ak plizyè klasik nan literati ayisyen an. Pwofesè literati franse ak kreyòl la te gen chans dekouvri zèv sila yo nan bibliyotèk fanmi li.

Ansyen prezidan “association des écrivains de la Caraïbe” la kolabore ak plizyè jounal epi revi an Ayiti. Li pibliye yon latriye powèm ak tèks mizik kèk atis tankou Manno Charlemagne, Toto Bissainthe, Jean Coulanges entèprete. Anplis de sa, Lyonel se kofondatè “revues lakansyèl, tèm et langaj”, ak “collectif de la revue cahiers du Vendredi”, epi youn nan fondatè atelye jedi swa l ap dirije jiskaprezan.

Zèv kreyòl Lyonel pibliye

Lyonel ekri “depale” an kolaborasyon ak Pierre Richard Narcisse nan lane 1979 epi reyedite l nan atelye jedi swa nan lane 2017. Li pibliye Zanj nan dlo an 1995 nan edisyon “Mémoires d’encrier”, pwomès an 2014, nan c3 éditions. San konte “Agase lesperans”, premye woman kreyòl li. Se yon woman eponim ki tranpe ak anpil pwezi. Se istwa trajik twa fanm ki pote non : Agase Lesperans, Valerie ak Jowàn. Liv sa se yon karikati kondisyon lavi fanm yo nan sosyete a. Twa fanm ak twa istwa diferan ki vin twouve yo sou boulva Janjak Desalin.

Lòt zèv

Pami zèv franse li pibliye yo, nou ka site : Rue des pas perdus, 1996 ; Thérèse en mille morceaux, 2000 ; Le testament du mal de mer, 2002 ; Bicentenaire 2004 ; L’amour avant que j’oublie, 2007 ; Yanvalou pour Charlie, 2009 ; La belle amour humaine, 2011 ; Le doux parfum des temps à venir,  2013 ; Kannjawou, 2016 ; Ne m’appelle pas capitaine, 2018 ; Antoine des Gommiers, 2021.

Objektif Festival Entènasyonal Literati kreyòl la pa chanje. Se toujou nan menm lide a : kreye yon espas espesyal pou fè pwomosyon ak deba sou pwodiksyon nan lang kreyòl. Se tou yon fason pou ankouraje plis moun pwodui nan lang Moriso Lewa a.

Pou rapèl, Festival Entènasyonal Literati Kreyòl se premye festival an Ayiti, nan karayib la ak nan lemond ki konsène sèlman literati kreyòl. Konferans, atelye, sware kiltirèl, fwa liv, se kèk nan aktivite sa yo k ap fè meni festival la. Bò kote envite lonè a, n ap jwenn plis pase yon ventèn ekriven k ap pote touch pa yo. Nou ka site : Pierre Michel chery, Bonel Auguste,  Jeannie Bogart, Yves Marie Seraline, Evelyne Trouillot,  Hilario Batista, Rodolphe mathutin, elt. Alòs, randevou kase premye pou rive 5 desanm pou yon lòt dekouvèt ak rankont.

Jessica Nazaire

Jessica Nazaire

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *