Ekip : “voilà le problème de ce pays”, ant amalgam – enkoyerans ak plajya

Ekip : “voilà le problème de ce pays”, ant amalgam – enkoyerans ak plajya

Ekip soti dezyèm albòm estidyo li ki rele “Makiye Mizè w” nan lannuit 8 janvye 2023. Se yon travay ki merite jwenn bravo lakontantman bò kote fanatik mizik, paske l rive ranfòse epi divèsifye pwodiksyon mizikal la. Sepandan, menm si nou nan kontèks kriz tout kalte nan peyi a ki kapab afekte tout pwodiktè nan tout nivo, kalite travay atis yo enpòtan anpil pou konsomatè yo. Youn nan tèks sou albòm sila a, ki titre “Voilà le problème de ce pays”, atire atansyon m anpil.

“Voilà le problème de ce pays” se yon tèks k ap tante dekri epi idantifye yon seri pwoblèm k ap ravaje sosyete a. Se vre tèks sa mennen nou nan plizyè “champs” (politik, sosyal ak ekonomik) pou ede nou (Ayisyen) pran konsyans de pwoblèm sosyete a, men tou tèks la gen kèk eleman nan pwogresyon li ki, yon fason oubyen yon lòt, pote nan li menn yon fòm “enkoyerans” oubyen n ta ka di yon “dissonance”. Anplis, tèks la vitktim sa n ta ka rele yon “excès” epi gen yon egzèsis plajya nan travay sa a. Se nan sans sa a, m pral eseye bay konpreyansyon m sou tèks sila a.

Atis yo (Shabba, Steeve-Khé ak D-Perfect) rive nan premye patit tèks la idantifye epi fikse responsabilte yo konsènan pwoblèm tout kalte k ap deboulonnen sosyete a. Se deja byen nan demach yo a ki revele, selon mwen, yon nivo “conscience critique” lakay yo. Nou ta ka di atis yo, kòm aktè, rive nan nivo pou pwopoze yon aksyon kolektiv ki marande ak nivo konsyans kritik sa a pou chanje radikalman tris reyalite sosyete a.

Pi devan, aprè atis yo fin ekspoze pwoblèm peyi a, yo rele ” Gran Jewova Vin sove nou”. Yon demach m ka gade nan yon doub nivo. Premyeman, atis yo tonbe nan sa n ta ka rele yon “Bondieuserie”. Dezyèman, m ta kapab di atis yo pa rive sezi nivo angajman yo pran nan tèks la ki mande yon aksyon kolektiv radikal pou solisyone pwoblèm yo dekri nan premye pati tèks la. Lè ou soti nan deskripsyon epi fikse responsabilite yo pou tonbe nan rele “Gran Jewova vin sove nou” sa revele yon gwo pwoblèm antèm metodolojik. Apre sa, atis yo di ” Mizè nou pou kò n, se nou ki pou jere l”. Sa ki vin fè atis yo soti nan apèl yo te lanse ak ” Gran Jewova pou vin sove nou” pou tonbe nan yon apèl ak yon lòt antite -non théologique- (Moun) pou solisyone pwoblèm yo. Se pa sèlman nivo enkoyerans (dissonance) la ki ekziste, men tèks la gen lòt pwoblèm (mwen p ap gen tan devlope la) ak yon egzèsis plajya ladan l.

Nan fen tèks la, atis yo lage nan site yon seri eslogan ki pa ban nou posibilite pou n sezi filozofi travay yo a vre. Eslogan sa yo vin rann tèks la “lou”, “inintélligible”. Gen eslogan tankou “e vòlò n ye” “ou pa ta believe that” . Egzèsis site eslogan sa a kase la pou la pwogresyon tèks mizikal la epi lage “nou” nan yon “spontanéité”.

Plajya nan travay atis yo

Gen yon pati nan tèks la se plajye atis yo plajye l. Gen yon DJ ki rele Papi Mix k ap viv Tigwav ki te konn chante yon mizik ” konsa nan peryòd manifestasyon anti-Ariel Henry nan otòn 2022: “Yon galon luil, yon sak diri “Woy Bagay yo chè”. Ekip repran tekstyèlman pati sa a epi ak menm tonalite DJ a te chante a san li pa site DJ a. Lè ou repran yon zèv yon lòt moun san ou pa site non mèt li, sa rele plajya (vòl entèlektyèl).

Boutofen, m estime tèks sa gen 3 gwo pwoblèm ladan l.

1) Enkoyrans (dissonance)

2) Li pa entelijib malgre se yon tèks ak yon ekriti senp.

3) Gen Plajya nan travay la.

Wilder Sylvain

Wilder Sylvain

Wilder Sylvain est journaliste et étudiant en Sociologie à la Faculté des Sciences Humaines (FASCH) de l'Université d'État d'Haïti (UEH). Pour l'instant, il occupe le poste de Secrétaire de Rédaction à Vedette Mag. Rien de mieux que d'utiliser la plume pour aider ceux et celles qui en ont besoin. Être utile à plein temps, voilà son crédo. Entre le Journalisme et la Sociologie, il s'y met.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *