Institut Panos lanse yon konkou « Jingle » sou sanbilizasyon vaksen kowonaviris

Institut Panos lanse yon konkou « Jingle » sou sanbilizasyon vaksen kowonaviris

“InstitutPanos”, anba tèm « Mwen vaksinen. Ou vaksinen. Nou tout pwoteje », lanse Lendi 24 Janvye yon konkou « Jingle » nan sousi pou ankouraje moun yo pran vaksen kont maladi kowonaviris la.

Sa gen pou piti de (2) lane depi kowonaviris ap fè monn lan wè disèt koulè lakansyèl. Fas ak sa, nan lide pou konbat maladi a, òganis ki nan kesyon sante yo deside vaksinen tout moun alawonnbadè. Sepandan, gen yon pakèt moun ki pa vle vaksinen, sitou nan peyi Ayiti. Nan sans sa a , « Institut Panos» lanse yon konkou « jingle » nan kad yon kanpay sansibilizasyon pou ankouraje popilasyon an al pran vaksen kont kowonaviris.

Konsa, tout chantè, chantèz ayisyen dwe manche plim yo ak vwa yo pou yo kapab patisipe nan konkou sila a. Daprè sa ki ekri nan dokiman an, se sèlman twa (3) kategori mizik ki otorize : Konpa, Rabòday ak Rap. Chak mizisyen ka patisipe nan yon sèl kategori.

Nan sa ki gen pou wè ak dewoulman konkou a, pou kòmanse, patisipan an dwe ale sou sit https://www.eegale.com/kowona l ap telechaje youn nan estrimantal yo ( Konpa, Rabòday ak Rap) epi ekri tèks la pandan l ap asire l pawòl yo kapab konvenk moun al pran vaksen an. Aprè li dwe anrejistre mizik la epi retounen sou sit la pou l voye “jingle” la ale. Pou l fè sa, l ap klike sou « Voye jingle la », ranpli fomilè a epi klike sou « Send ».

Kit se fanm kit se gason, tout moun ka patisipe nan konkou a. Menm si moun nan ap viv nan peyi etranje li kapab patisipe tou. Sepandan patisipan an dwe gen pou piti 18 lane nan jou li voye « jingle » pa li a ale a.

Piske konkou a ap gen vòt an liy, “Institut Panos” ap kreye yon videyo a chak mizik li resevwa nan konkou a. Mizik sa yo ap disponib sou paj fesbouk, enstagram, twitè, Tiktòk ak Youtoub pou vòt ki ap fèt an liy yo.

Dat ki kenbe pou dewoulman konkou pati konsa: sòti 24 janvye pou rive 4 fevriye telechaje enstrimantal la; sòti 5 pou rive 14 fevriye voye “jingle” ou bay “Institut Panos” ; sòti 16 pou rive 27 fevriye 2022 se pral vòt yo; 7 mas se ap piblikasyon rezilta ofisyèl yo; 10 mas se seremoni pou remèt chèk bay twa (3) gayan yo. Pa bliye, chak ganyan (3 gayan) ap resevwa yon chèk 1500 dola ameriken.

Jackson J. Rinvil

Jackson J. Rinvil

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *