Nòt Rektifikasyon

Nòt Rektifikasyon

Nòt klarifikasyon

PÒTOPRENS, 21 Novanm 2021- Vedette Mag ap fè tout zanmi ki ap voye mesaj pou yo poze kesyon sou « Space » ki anonse sou twitter pou 21 novanm nan konnen se pa li ki pwograme aktivite sa a, men pito yon lòt gwoup ki gen yon denominasyon ki sanble ak pa li a. Non de (2) estrikti yo sanble men yo pa menm.

«Vedette Mag » se yon medya an liy ki espesyalize li nan pibliye kontni sou Lakilti ak Espò sou sit li ki se www.vedettemag.com . « Vedette Mag » poko janm itilize paj Twitter li pou l òganize « Space ». Nan sans sa gen yon « Space » yon lòt antite anonse kote gen moun ki ka konfonn li ak Vedette Mag.

Vedette Mag genyen paj Facebook, Twitter ak Enstagram li ki kreye depi nan mwa Me 2021. « Vedette Mag » lanse kontni sou sit li a depi 21 Jwen 2021. Depi lè sa a « Vedette Mag » kenbe liy editoryal li ki se fè pwomosyon pou Atis, moun ki ap evolye nan Lakilti ak Espò. Swiv nou sou tout rezo sosyal yo sou non «Vedette Mag »

Richard Alexandre
Jounalis – Fondatè, Chèf Redaksyon nan Vedette Mag

vedette

vedette

Vedette Mag est une affaire de stars. C’est un magazine en ligne qui se spécialise dans la production des contenus (multimédia) ayant rapport à la culture, au divertissement et au sport en Haïti et ailleurs.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *